sábado, 14 de março de 2015

Ayopò peyi Dayiti


14/03/2015
Li sa a, tanpri! Ann kòmanse konsyantize Leta Ayisyen an ak chak grenn ayisyen, kòmanse pa mwen menm!

Pierre Dieucel
Genyen yon kay ki bèl pa deyò oubyen pa anndan, kiyès ladan yo ou ta plis prefere?
Kisa ki reprezante pòt sòti ak antre de yon peyi?
Se vrèman AYOPÒ.
Ann fè yon ti koze sou èpòt nou peyi Dayiti. Ou menm ki vwayaje anpil, kisa w panse?
Mezanmi! politisyen ayisyen mwen yo ki pral li petèt tèks sa, mwen mande nou pou nou pa fache, pa gen move entansyon kont mwen, sèlman asepte reyalite-a. Ou ki vwayaje anpil, ou wè nou genyen yon èpòt serye nan ti peyi sa?
Sa fè lontan, yon zanmi m te rakonte-m ke li te al resevwa yon zanmi l nan èpòt la, zanmi an mande l konsa: Sa-a se yon tèminal bis?
Kisa w panse de sa? Ki repons ou te ka bay, si se te ou menm?
Frè-m ak sè mwen yo, pa di: m´ap kritike, se plis sa fè mwen mal, lè m´ap gade lót peyi, kouman bagay yo byen òganize, nou menm, lakay nou mal òganize. Kisa ou pral di-m, ou pa wè pwoblèm nan se nan politisyen nou yo ak nan leta ayisyen l ye.
Nan tout èpòt nan tout peyi mwen pase, m toujou wè anpil plak ki pou avize w. Pafwa mwen konn rete mwen egare, paske mwen pa te abitye wè bèl bagay sa yo lakay mwen. Pafwa ayisyen an vwayaje, lè l rive nan lòt peyi li egare, l´ap plede gade bagay li pa te jamè te konn wè. Se pa fòt li, paske li pa te abitye ak bèl bagay.
Lòt bagay ankò ke mwen pa wè, se RAKYETÈ. Nan peyi Dayiti, chaje ak rakyetè. Depi malèt ou depase limit, rakyetè a gentan parèt devan w vinn mande w lajan wi. Ou vle di-m ke moun sou kès yo pa konn sa? Al kwè sa!
Si w vle wè rakyetè nan peyi Dayiti, al nan DGI, al nan imigrasyon oubyen al nan sèvis leta yo. Alò se peyi sa ou di m w´ap rekonstwi a? Ou pa wè se sou blóf yo ye.
Pa jije rakyetè yo mal, si peyi Dayiti te gen lòd, jistis, bagay serye, pa tap gen bagay sa yo. Ou vle di m tou ke otorite yo pa konn sa? Al kwè sa, egare!
Aló, se peyi sa yap rekonstwi-a?
Lòt bagay ankò ke mwen apresye, moun yo konn pale ak moun. Nan peyi Dayiti, menm souri yo pap souri ba ou. Mezanmi! peyi-a malad nan tout sans, nan tout kò l.
Lòt bagay ankò, gen tout kalite sèvis, pa egzanp kote pou w manje, pou w mache, pou w achte, pou w mande enfómasyon ak elatriye. Nan peyi Dayiti, gen bagay sa yo, ann serye?
Pi gwo bagay ke mwen apresye: tout moun ki vinn chèche yon moun oubyen ki vinn tann moun yo, pa rete deyò anba sòlèy; tout antre anndan. Nan peyi Dayiti, ou dwe rete anba sòlèy cho a; Si l fè lapli, ou dwe rete la. Alò, se konsa moun trete moun, kote dwa moun yo ye? 
Alò se peyi sa yap rekonstwi-a?
Ou pa wè se sou blòf LETA AYISYEN ye. Tout se ti pati pa yo-a, yap defann. Se naje pou w sòti. Kote lajistis? Lap dòmi toujou.
Nan peyi Dayiti, tout moun sou blòf!
Lòt pi gwo bagay la, taksi yo byen òganize. Genyen anpil sèvis. Lakay nou nan peyi Dayiti, ou ka fè taksi ak nenpót vye machin, pa gen yon leta ki pral revize l. Nan peyi serye, bagay yo fèt nan lòd ak nan disiplin.
Pou m tèmine, ann konsyan ke nou pa gen yon èpòt serye. Pou kisa nou pa vle fè yon lòt? Ou vle di m se lajan ki pa genyen?
Kote lajan ke nap plede ramase ak banboche yo?
Gade yo! yo sezi, paske map pale verite!
Ayopò Ayiti-a pa bèl ni anndan, ni deyò. Leta Ayisyen se sou blòf yo kanpe.
Pierre Dieucel, pitit peyi-a.


Nenhum comentário:

Postar um comentário