sábado, 14 de março de 2015

Haiti en construction

14/03/2015


Daprè ou menm, ou panse Leta Ayisyen deside rekonstwi peyi Dayiti?

Pierre Dieucel
Nan vizyon pa-m, mwen te ka di wi, Leta Ayisyen ta renmen rekonstwi peyi-a, men se sou blòf anpil ladan yo ye; se pati pa yo, yap chèche. Wi, genyen bòn volonte, men anpil ladan yo kite lajan ak anbisyon pou pouvwa fè yo pèdi tèt yo.
Anpil ladan yo pap goumen pou peyi-a sinon pou pòch yo, pou renome ak fanmi yo, yap goumen.
Mwen menm pèsonèlman, lè map tande diskou "Rekonstriksyon peyi Dayiti", mwen ri. Kouman yo rekonstwi yon peyi?
Se mache fè gwo kay ak rekonstwi kay ki te kraze; se sa ki rekonstriksyon an? Ou pa wè moun sa yo se sou blòf yo kanpe?
Pou m santi ke gen yon bagay serye k´ap fèt, fòk leta ayisyen ta kómanse etabli yon baz. Yo konn rekonstwi kay san baz? Peyi-a pa gen lòd, pa gen disiplin, chaje ak tou rego, lavi moun pa respekte, pa gen kouran, pa gen dlo potab, pa gen sèvis sanitè, sèvis leta chaje ak rakyetè, lajistis pa fonksyone, peyi-a chaje ak inegalite, moun ap plede mouri pou lasante, pa gen sekirite, pa gen travay, pa gen mache ak elatriye. Kriz sou kriz politik. Bagay ki rele mache a menm, pa gen kote pou malerèz yo vann. Pafwa se nan lari oubyen ak kivèt sou tèt yo ap pwomennen nan lari-a.
Al anba lavil la pou w wè sa kap pase. Chaje ak tou rego, chaje ak vye dlo santi. Moun yo se anba solèy cho-a yap vann. Bagay yo pa óganize menm. Kouman sa rele, se pa lamizè? Ki kote w jwenn sa?
Transpò pa òganize. Pa gen tèminal pou bis ni pou machin transpò. Yo fè machin nan pou 2 plas nan chak ban, yo fòse l pran 3  moun. Ki kote w jwenn bagay sa ankò?
Gade jan yon pèp pa gen chans!
Nan peyi Dayiti, ou ka vide machin sab la nan mitan lari-a. Machin kanpe nan mitan lari pou pran pasaje ni pou depoze pasaje. Machin yo pafwa pa an bon eta. Moun sou tèt machin ap vwayaje.
Pou zafè kouran menm, sa pi tris. Ou ka konekte kouran w pa-w apre sa ou vann li bay yon lòt moun. Se pa orè yo bay kouran nan peyi Dayiti. Kouman pèp la pral enfòme l ak sa kap pase nan peyi-a kouman lòtbò dlo? Menm pou l ta bwè yon ti dlo glase.
Alò se peyi-a sa Leta Ayiti di lap rekonstwi a?

Pi fò ayisyen pa konn devwa ak dwa yo, paske leta-a pa fòme yo, pa enfòme yo, li pa edike yo. Mwen kap pale-a, m pa konn anyen de bagay sa yo.


Vrè rekonstriksyon peyi Dayiti dwe kómanse pa chak sitwayen ayisyen. Se dabò yon pwosesis de konsiantizasyon ki ta dwe kómanse. Chak enstitisyon ap pote sipò yo nan pwosesis sa-a.
Yo pa konn fè konstriksyon nan dezòd, se nan lòd yo fè sa. Baz la, se lòd la.
Mezanmi! pa kondane-m pou verite mwen pale-a. Si w santi mwen manyen maleng lan, pa fè mwen mal. Si-m pale konsa, se paske mwen vle pou peyi-m mache. Gen moun ki di rad sal se anndan kay yo lave sa, men sa fè 200 zan n´ap lave rad sal anndan kay, men kisa ki chanje?
Sa-a pa sekrè li ye, paske tout etranje ki ale nan peyi Dayiti konn reyalite peyi-a, pou kisa ou menm wap kache l? Se nan kache sa wi ki fè l´ap rete menm jan an wi. Ann pale koze-a, pou dirijan nou yo ka pran konsyans!

Dirijan nou yo sou blòf
Pandan yap blofe-n, yap pwofite
Epi sila yo ki pòv vinn pi pòv
Sila yo ki rich, vinn pi rich
Kote lajistis nan peyi Dayiti? L´ap dòmi toujou

Pierre Dieucel, yonn nan pitit peyi-a


Nenhum comentário:

Postar um comentário